Mak 15:33-41
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi mouri
(Mat 27:45-56; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)
33 Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 34 A twazè, Jezi rele byen fò: “Eloyi, Eloyi, lama sabaktani.” Sa te vle di: “Bondye m, Bondye m, poukisa ou abandone m?”[a]
35 Kèk nan moun ki te la yo te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Tande, men l ap rele Eli.”[b]
36 Yon nonm kouri al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl bwa epi li lonje l bay Jezi pou l bwè. Epi li di: “Tann! Ann gade si Eli ap vin desann li sou kwa a.”
37 Apre sa, Jezi pouse yon gwo, epi li mouri.
38 Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. 39 Lè ofisye lame a ki te kanpe toupre a, anfas Jezi wès mouri nan fason sa a, li di: “Anverite nonm sa a te reyèlman Pitit Bondye.”
40 Te gen kèk fanm ki te rete a yon distans ap gade. Pami yo, te genyen Mari, moun Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Joz epi Salome. 41 Lè Jezi te nan Galile, medam sa yo t ap swiv li epi yo te sèvi l. Te gen anpil lòt fi tou ki te la ki te monte Jerizalèm ak Jezi tou.
Read full chapterFootnotes
Copyright © 2017 by Bible League International