Add parallel Print Page Options

¶ Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jenn jan yo tankou si yo te frè ou;

ak granmoun fanm yo, tankou si yo te manman ou; ak jenn fi yo, tankou si yo te sè ou, san okenn move lide.

¶ Pran swen vèv ki vèv tout bon yo.

Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi.

Yon fanm ki vèv tout bon, ki pa gen pesonn pou okipe l', li mete tout espwa li nan Bondye, l'ap lapriyè tout tan, l'ap mande l' konkou lajounen kou lannwit.

Men, yon vèv ki lage kò l' nan plezi, se yon vèv ki mouri, menm si l' vivan toujou.

Men sa pou ou moutre yo, pou pesonn pa jwenn okenn repwòch pou fè yo.

Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.

Pa mete okenn vèv sou lis toutotan li pa gen swasantan. Epi, se pou l' te marye yon sèl fwa.

10 Se pou tout moun konnen tou sa li te fè ki byen: tankou si li elve pitit li yo byen, si l' konn resevwa moun byen lakay li, si l' konn lave pye moun pèp Bondye a, si l' ede malere yo, si l' fè tout lòt kalite byen.

11 Men, pa mete okenn vèv ki poko gen laj sa a sou lis. Paske, lè anvi a pran yo pou yo marye, yo vire do bay Kris la.

12 Lè konsa yo vin antò, paske yo pa kenbe premye pwomès yo te fè l' la.

13 Apre sa, yo pran abitid pèdi tan yo ap mache pòt an pòt. Sa ki pi rèd ankò, yo vin tripòt, fouyapòt. Y'ap foure bouch yo nan sa ki pa gade yo.

14 Se poutèt sa, mwen ta pito wè jenn vèv yo marye pou yo ka gen pitit, pou yo sa okipe kay yo. Konsa, yo p'ap bay lènmi nou yo chans pale nou mal.

15 Paske, gen vèv ki vire do yo deja, y'ap swiv Satan.

16 Men, si yon fanm ki gen lafwa gen yon vèv nan fanmi l', se pou l' ede l', pou l' pa kite l' sou kont legliz la, pou legliz la ka ede vèv ki nan nesesite tout bon yo.

17 ¶ Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo.

18 Se sa ki ekri nan Liv la: Pa mare bouch bèf la lè l'ap fè moulen kann lan mache. Ou ankò: Moun ki travay fèt pou resevwa lajan travay li.

19 Pa kite pesonn vin pote plent pou yon chèf reskonsab, esepte si moun lan gen de osinon twa temwen avè li.

20 Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè.

21 Devan Bondye, devan Jezikri, devan tout zanj k'ap viv pou Bondye yo, men sa m'ap mande ou: swiv lòd sa yo san fè ni patipri ni moun pa nan tou sa w'ap fè.

22 Pa prese mete men sou tèt yon moun pou ba l' yon chaj nan legliz la. Pa mele nan peche okenn moun. Evite tou sa ki mal.

23 Ak maladi lestonmak ou a, sispann bwè dlo sèlman. Bwè ti diven tou pou ede ou fè dijesyon.

24 Gen moun, anvan menm ou jije yo, ou gen tan wè tout peche yo aklè konsa. Gen lòt menm, se lontan apre ou wè sa yo fè ki mal.

25 Konsa tou, tout byen yon moun fè gen pou parèt aklè, menm sa ou pa wè lapoula. Yo pa ka rete kache.

Pa pale di ak granmoun gason yo. Men pale avè yo menm jan ak papa w. Mesye ki pi jèn yo, pale avèk yo menm jan ou ta pale ak frè w. Medam ki granmoun yo, pale ak yo menm jan ak manman w. Medam ki pi jèn yo, trete yo menm jan ak sè w, ak yon kè ki pwòp.

Pran swen vèv yo

Okipe vèv ki vrèman vèv yo ak respè. Men si yon vèv gen pitit oubyen pitit pitit, fòk timoun yo konnen sa: se yo ki dwe pran swen fanmi yo an premye. Nan fason sa a, y ap rekonpanse paran ak gran paran yo pou sa yo te fè pou yo. Sa a se yon bagay ki fè Bondye plezi. Vèv ki vrèman vèv la, se sila a ki pa gen pèsòn pou pran swen l, ki mete konfyans li nan Bondye, ki toujou gen abitid priye lajounen kou lannuit ap pote rekèt bay Bondye. Men si l ap viv nan pran plezi l, se yon moun mouri li ye, menm si l vivan. Se sa ou dwe egzije pou vèv yo, pou moun pa jwenn anyen pou repwoche yo. Si yon moun pa pran swen pwòp fanmi li, sitou paran pwòch li yo, se yon moun ki abandone lafwa, li pi mal pase yon payen.

Pou yon moun antre sou lis vèv yo, yon madanm dwe genyen 60 an. Li dwe yon madanm ki te marye epi ki rete fidèl ak mari l.[a] 10 Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa,[b] li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.

11 Men, pa mete yon madanm ki pi jèn sou lis vèv yo. Paske lè bezwen fizik yo debranche yo nan angajman ak Kris, yo pral vin vle remarye. 12 Konsa, yo vin koupab nan renonse yo renonse ak premye pwomès yo te fè a. 13 Pi plis ankò, jèn vèv sa yo vin ap gaspiye tan yo nan mache de kay an kay. Epi, pi plis toujou, yo vin renmen pale anpil epi foure bouch nan sa k pa mele yo epi rakonte sa yo pa dwe rankonte. 14 Poutèt sa, mwen vle pou jèn vèv yo marye, fè pitit, epi pou yo pran swen kay yo. Si yo fè sa konsa, lènmi nou yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou. 15 Men kèk nan vèv ki pi jèn yo gentan vire do yo ale jwenn Satan.

16 Lè yon dam ki kretyen genyen vèv nan fanmi li, li[c] dwe pran swen yo, li menm. Konsa, legliz p ap bezwen pran responsabilte a. Legliz va kapab pran swen vèv ki pa gen pèsòn pou ede yo.

Pi plis sou ansyen yo ak lòt bagay ankò

17 Lidè yo k ap dirije legliz la byen, yo merite resevwa yon salè ki de fwa plis, sitou sa yo k ap preche ak sa yo k ap anseye. 18 Men sa Bib la di, “Lè w ap fè yon bèt travay pou rekòlte, pa mare bouch li pou l pa manje nan rekòt la”[d]. Epi ankò, “Moun k ap travay la merite gen yon salè.”[e]

19 Pa aksepte akizasyon moun ap pote kont yon ansyen. Fòk ta gen de ou twa temwen pou akize yon lidè. 20 Lidè ki komèt yon move bagay, se pou w reprann li devan tout kongregasyon an. Sa va fè lòt yo gen krentif.

21 Men sa m ap kòmande w fè ak tout fòs mwen, devan Bondye, devan Jezikris, ak devan zanj Bondye chwazi yo: Se pou w respekte tout sa m di w la a, san komèt lenjistis, san patipri nan mitan moun yo.

22 Pa prese pou poze men w sou tèt pèsòn. Pa vin konplis nan peche moun. Ou menm, kenbe tèt ou pwòp.

23 Timote, sispann bwè dlo sèlman, pran ti diven tou. Sa va ede w, pou w pa toujou ap soufri ak vant ou.

24 Gen kèk moun, menm anvan ou jije, peche yo parèt aklè. Poutan, pou kèk lòt, ou pral dekouvri sa nan byen ta. 25 Bon bagay yon moun fè, tout moun wè yo trapde. Menm sa moun pa wè touswit yo, yo pa ka toujou rete kache.

Footnotes

  1. 5:9 fidèl ak mari l Literalman, “madanm yon sèl mesye”, sa te kapab tradui tou, “madanm yon sèl mesye” oubyen “marye yon sèl fwa”.
  2. 5:10 fason yon sèvant konn fè sa Literalman, “lave pye sen yo”, se te yon koutim nan sosyete, nan premye syèk la. Nan tan sa a, yo te konn mete yon kalite sandal, mache nan labou sal. Lè yon moun konsa rive lakay ou, ou te dwe ede l, retire sandal la, lave pye l epi fè l antre lakay ou pou resevwa l.
  3. 5:16 dam … li Kèk kopi Grèk genyen “mesye ou dam … li.”
  4. 5:18 Sitasyon sa a soti nan Det 25:4.
  5. 5:18 Sitasyon sa a soti nan Lik 10:7.