Add parallel Print Page Options

¶ Tout moun k'ap sèvi kou domestik fèt pou gen anpil respè pou mèt yo. Konsa, pesonn p'ap kapab pale non Bondye a ni verite n'ap anonse a mal.

Si yon domestik ap sèvi yon mèt ki kwè nan Bondye, li pa fèt pou l' manke l' respè sou pretèks se yon frè nan lafwa li ye. Okontrè, se lè sa a pou l' sèvi l' pi byen, paske moun l'ap rann sèvis la se yon moun ki kwè, se yon moun li renmen. Men sa ou gen pou moutre moun yo. Men sa pou ou preche yo.

Si yon moun ap moutre yon lòt doktrin ki pa dakò ak pawòl verite ki soti nan Jezikri a, ni avèk sa relijyon nou te montre nou an,

se yon moun ki gen lògèy, ki pa konn anyen. Se tankou yon maladi li genyen pou l'ap diskite tout tan, pou l'ap fè kont pou nenpòt ti mo. Se sa ki lakòz moun ap fè jalouzi, y'ap fè kont, y'ap pale moun mal, yo sispèk moun pou anyen.

Sa lakòz anpil moun ki gen lespri yo vire lanvè epi ki pa konnen verite a ap fè yon bann diskisyon ki pa janm fini. Pou yo, sèvis Bondye a tounen yon mwayen pou fè lajan.

¶ Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l' kontan ak sa li genyen an.

Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li.

Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou.

Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo.

10 Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.

11 Men ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè.

12 Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.

13 ¶ Devan Bondye ki bay tout bagay lavi, devan Jezikri ki te fè yon bèl deklarasyon devan Pons Pilat pou fè wè jan li gen lafwa, men sa m'ap mande ou:

14 Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l' pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt.

15 Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.

16 Se sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pesonn pa ka pwoche. Pesonn pa janm wè l', pesonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.

17 Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.

18 Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.

19 Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.

20 Timote monchè, veye byen sou sa yo te renmèt ou a. Pa pèdi tan ou nan diskou san sans ki pa dakò ak verite a, ni nan diskisyon pou bagay anpil moun pran pou konesans.

21 Gen moun ki konprann yo gen konesans sa a. Ale wè atò! Se kite yo kite chemen lafwa a. Benediksyon Bondye pou ou.

Enstriksyon espesyal pou sèvitè ak sèvant yo

Tout moun ki esklav dwe montre anpil respè pou mèt yo. Lè sa a, pèsòn p ap pase non Bondye nan betiz ni kritike ansèyman n ap bay. Gen kèk esklav ki gen mèt yo ki kretyen, sa fè yo vin frè yo. Èske sa vle di pou yo genyen mwens respè pou mèt yo? Pa ditou, yo dwe sèvi yo pi byen toujou, paske se frè yo y ap sèvi, moun yo dwe renmen.

Se sa ou dwe anseye epi mande tout moun fè.

Move ansèyman ak vrè richès

Gen moun k ap anseye bagay ki pa bon. Yo pa swiv ansèyman Jezikris, Senyè nou an te bay, ni ansèyman sou kijan nou dwe fè Bondye plezi. Yo fyè pou sa yo konnen, poutan, yo pa konprann anyen. Yo gen maladi fè diskisyon ak fè kont ak moun pou ti mo. Se sa ki lakoz lanvi, moun k ap fè kont, pale moun mal, ak sispèk moun pou anyen. Sa lakoz moun ki gen lespri sal epi ki pa konprann verite a, y ap fè yon bann diskisyon san fen. Yo panse lè yon moun pretann sèvi Bondye se yon fason pou yo vin rich.

Se vre, mennen yon lavi ki fè lwanj pou Bondye, se yon fason pou moun vin rich anpil, paske sa vle di ou vin satisfè ak sa w genyen. Lè nou fèt, nou fèt san anyen. Menm jan an tou, lè n ap kite mond lan, nou p ap pote anyen ak nou. Alò, si nou jwenn dekwa manje ak rad pou nou mete, nou satisfè. Men moun ki vle vin rich, yo foure tèt yo nan tantasyon. Yo vin esklav yon bann lanvi ensanse k ap fè yo fè betiz kont pwòp tèt yo. Bagay sa yo detwi moun epi mennen yo nan lanmò. 10 Lanmou pou lajan lakoz tout kalite move bagay. Gen kèk moun ki gen tan ale byen lwen lafwa, paske yo toujou vle gen plis lajan. Men yo mete pwòp tèt yo nan anpil latwoublay.

Yon bagay nou dwe sonje

11 Men ou menm, ou se moun Bondye. Konsa, ou dwe kanpe lwen tout bagay sa yo. Ou dwe toujou chache fè sa ki byen, bagay k ap fè lwanj pou Bondye, chache lafwa, lanmou, pasyans ak dousè. 12 Ou dwe konbat pou w gade lafwa, epi kenbe lavi etènèl. Se pou lavi sa a Bondye te rele w. Ou te fè byen, lè w te pale devan yon bann temwen. Sa fè wè jan w gen lafwa. 13 Kounye a, nan prezans Bondye, li menm ki fè tout bagay egziste, m ap ba w kòmandman sa a. M ap ba ou l tou nan prezans Jezikris ki te bay you bèl temwanyaj nan bèl deklarasyon li te fè devan Pons Pilat la. Mwen mande w: 14 Se pou w obeyi kòmandman ou te resevwa a, pou rete san tach epi san defo, jouktan jou a va rive pou Jezikris retounen. 15 Se Bondye k ap voye Jezikris retounen nan jou li menm li fikse a. Se li sèl ki mèt onorab epi diy sou tout bagay. Li se Wa sou tout wa yo, Senyè sou tèt tout SENYÈ yo. 16 Se li sèl ki p ap janm mouri. Li rete nan yon limyè kote pèsòn pa kapab pwoche. Pèsòn pa janm wè l, pèsòn p ap janm wè l. Lonè, ak puisans se pou li pou tout tant! Amèn.

17 Kòmande moun ki rich nan mond sa a, pou yo pa ògeye. Yo pa dwe mete konfyans yo nan richès ki p ap dire. Men se pou yo mete konfyans yo nan Bondye. Se li menm ki ban nou tout bagay avèk abondans pou nou kapab pwofite yo. 18 Di moun yo, se pou yo fè sa ki byen, se pou yo rich nan fè sa ki byen. Se pou yo pataje sa yo genyen bay lòt moun ak tout kè yo. 19 Konsa, se ekonomi y ap fè pou pita, yon trezò ki bèl epi solid, y ap resevwa lavi toutbon vre a.

20 Timote, kenbe sa Bondye ba w la fidèlman. Pa antre nan diskou ki pa itil anyen epi ki kontrè ak lafwa, vye kritik moun ki di yo gen “konesans”, poutan se pa vre. 21 Gen moun ki panse yo genyen konesans sa a epi yo vire do bay lafwa. Gras Bondye avè w.