Add parallel Print Page Options

12 ¶ Mwen blije ap vante tèt mwen, atout mwen konnen sa pa bon. Men, m'ap vin koulye a sou vizyon ak revelasyon Seyè a te ban mwen.

Mwen konnen yon moun k'ap viv nan Kris la, ki te transpòte jouk anwo nèt nan syèl la. Sa gen katòzan depase. (Mwen pa konn ki jan sa te fè fèt, mwen pa ka di si l' te moute tout bon nan kò l', osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen.)

Wi, mwen konnen nonm sa a te santi l' moute jouk anwo nan paradi. M'ap repete, mwen pa ka di si li te moute tout bon nan kò l', osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen.

Antan l' te la, li tande yon bann pawòl bouch moun pa ka pale, koze moun pa gen dwa repete.

Enben, m'ap fè lwanj nonm sa a, mwen p'ap fè lwanj tèt pa m', esepte si se pou m' moutre jan m' fèb.

Si mwen te vle vante tèt mwen, mwen pa ta yon nonm fou non, paske mwen pa t'ap bay manti. Men, mwen refize vante tèt mwen. Mwen pa ta vle pou yon moun rive konprann mwen plis pase sa li te met nan tèt li mwen ye, lè l' te wè sa m'ap fè, lè l' tande sa m'ap di.

Malgre sa, pou lògèy pa fè m' gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan kò m' k'ap fè m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m' pou anpeche m' gen lògèy.

An twa fwa mwen lapriyè Seyè a pou maladi sa a, mwen mande l' pou l' wete li sou mwen.

Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m' ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m', mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m' anba zèl li.

10 Se sak fè tou mwen kontan anpil lè m' santi m' fèb, lè y'ap joure m', lè m' nan lafliksyon, lè m' anba pèseksyon, lè m' nan fikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m' fèb, se lè sa a mwen gen fòs.

11 ¶ Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen.

12 Avèk anpil pasyans, Bondye fè nou wè kont siy, kont mirak, kont bèl bagay ki rive nan mitan nou, tou sa pou ban nou prèv se yon apòt mwen ye.

13 Mwen pa t' sou kont nou, se vre. Mwen mande nou padon pou fòt sa a. Men, apa sa, kisa yo fè pou lòt legliz yo yo pa fè pou nou?

14 Mwen pare koulye a pou m' vin lakay nou yon twazyèm fwa. Fwa sa a ankò mwen p'ap sou kont nou. Se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Konprann sa byen, se pa pitit ki pou fè lajan pou pran swen manman ak papa. Se manman ak papa ki pou fè lajan pou pran swen pitit.

15 Pou mwen menm, m'ap kontan depanse tou sa m' genyen, se va tout plezi m' pou m' bay ata tèt mwen pou nanm nou ka pwofite. Eske n'a renmen m' mwens paske mwen renmen nou anpil konsa?

16 Se pou nou admèt mwen pa t' janm yon chay pou nou. Men, gen moun ki va di: Pòl se yon nonm ki malen wi. Gade jan li pran nou nan pèlen ak yon bann manti.

17 Nan moun mwen te voye lakay nou, èske gen ladan yo ki te souse nou?

18 Mwen te mande Tit pou li al lakay nou. Mwen te voye lòt frè a ansanm avè li. Eske nou ka di Tit te egzije kichòy nan men nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezòn pou n' aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tèt nou menm jan an?

19 Nou dwe mete nan tèt nou koulye a se chache m'ap chache defann tèt mwen devan nou? enben non! M'ap pale jan Kris la vle l' la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo, mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa.

20 Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l' la. Mwen pè pou m' pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lògèy, dezòd nan mitan nou.

21 Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, Bondye m'ap sèvi a pa rabese m' ankò devan nou, pou m' pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fè peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwòpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fè yo.

Yon benediksyon espesyal nan lavi Pòl

12 Fò m kontinye vante tèt mwen, menmsi m pa wè sa l ap itil. Kanmenm mwen vle pale sou vizyon yo ak revelasyon yo ki soti nan Senyè a. Mwen konnen yon kretyen[a] ki te monte jis nan twazyèm syèl. Èske se te nan kò li oubyen èske se san kò li? Mwen pa konnen, men Bondye konnen. Sa gentan gen 14 zan depi l pase. 3-4 Wi, mwen konnen nonm sa a te rive jis nan paradi. Mwen pa konnen si se nan kò li oubyen si se san kò li. Men gen bagay li tande li pa menm ka eksplike, ni li pa gen dwa repete. Mwen te ka vante konsènan sa nonm sa a te viv la, men mwen p ap vante tèt mwen. Silfo pou m ta vante m, mwen t ap pito pale de feblès mwen yo.

Si m te vle vante tèt mwen, mwen pa kwè m t ap pi fou pase sa, paske se verite sèlman mwen t ap di. Men m p ap di plis, paske mwen pa vle okenn moun panse m pi plis pase sa yo wè m ap fè oubyen sa yo tande m ap di.

Wi, Senyè a fè m konnen bagay ekstraòdinè ki te ka fè m anfle ak ògèy. Pou evite sa, mwen te tou resevwa yon pwoblèm nan kò m k ap fè m soufri. Se tankou yon anj Satan voye antre nan kò m pou fè m soufri epi fè m sonje mwen pa pi bon pase okenn lòt moun. Pandan twa fwa mwen priye Senyè a pou l delivre m anba pwoblèm sa a. Men repons li ban mwen: “Gras mwen sifi pou ou. Se sèlman lè ou fèb puisans mwen akonpli tout bagay pou kont li.” Donk, mwen prefere vante tèt mwen pou feblès mwen yo. Konsa puisans Kris la va rete nan mwen. 10 Wi, si se pou Kris, mwen aksepte ak kè kontan feblès mwen yo. Mwen aksepte ak kè kontan jouman, nesesite, pèsekisyon ak moman difisil. Rezon: lè m fèb se lè sa a m pi fò.

Pòl fè konnen sousi li gen pou legliz Korent la

11 Mwen t ap pale tankou moun fou. Se nou ki lakoz sa. Se nou menm ki ta dwe ap vante kalite m. Mwen pa vo anyen non, men gran apot nou yo pa vo plis pase m non. 12 Avèk anpil pasyans, lè m te avèk nou, mwen te fè tout sa ki pwouve mwen se yon apot. Te gen tout kalite mirak, siy ak pwodij yon apot. 13 Kisa m te fè pou lòt legliz yo m pa fè pou nou? Wi, yon sèl bagay: mwen pa t vle tounen yon fado pou nou nan kesyon lajan. Mwen mande padon pou sa!

14 Tande non, mwen pare pou m vini lakay nou pou yon twazyèm fwa; menm lè sa a tou, mwen toujou pa vle yon fado pou nou. Lajan nou pa enterese m, se nou menm ki enterese m. Epi tou se pa pitit ki dwe ap sere kòb pou bay paran yo, se paran yo ki dwe ap sere kòb pou bay pitit yo. 15 Kanta pou mwen, mwen t ap kontan depanse tout sa m genyen pou nou. Mwen prèt pou m menm bay tèt mwen pou nou. Èske lè m mwen renmen nou pi plis, sa ap fè nou renmen m mwens?

16 Li klè mwen pa t mete yon fado sou nou. Men gen kèk nan nou ki panse mwen pa t fran, mwen pran nou nan pyèj. 17 Èske mwen eksplwate nou pa mwayen mesye mwen voye lakay nou yo? 18 Mwen te ankouraje Tit ak yon lòt frè mwen te voye ak li pou vizite nou. Di m non, èske Tit te eksplwate nou? Èske li pa t aji avèk onètete, menm jan avèk nou? Èske li pa t swiv tras nou?

19 Mwen espere ou pa panse se tèt nou n ap chache defann devan w. Non, nou di tout bagay sa yo antan sèvitè Kris la ak Bondye kòm temwen nou. Se zanmi w nou ye. Donk, tout sa nou di, se pou ede w grandi. 20 Mwen pè pou lè m vini, pou m pa ta jwenn nou jan m ta vle a, epi pou nou pa ta jwenn mwen jan nou ta vle a. Mwen pè pou lè m vini, pou m ta jwenn kont agoch adwat, jalouzi, kòlè, lanbisyon, pale mal, tripotay, awogans ak dezòd. 21 Mwen pè pou lè m vin vizite nou ankò, pou Bondye pa imiliye m devan nou. Petèt mwen pral tris pou anpil moun ki te tonbe nan peche epi ki pa repanti. Anpil pami yo ap mennen yon lavi sal epi imoral, yo toujou ap pratike bagay ki fè moun wont.

Footnotes

  1. 12:2 yon kretyen Literalman, “yon nonm an Kris”. Nan 12:2-5, Pòl ap pale de tèt li.