Add parallel Print Page Options

¶ Pou fini, frè m' yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Seyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou.

Lapriyè tou pou Bondye ka delivre m' anba move moun yo, mechan sa yo. Paske, se pa tout moun ki asepte kwè.

Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, la pwoteje nou anba Satan.

Seyè a fè m' gen konfyans nan nou: li ban m' lasirans n'ap fè sa m' te mande nou fè a, epi n'ap toujou kontinye fè l' tou.

Mwen mande Seyè a pou l' dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la.

¶ Frè m' yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Seyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m' te moutre nou.

Nou menm, nou konnen sa pou nou fè pou nou ka swiv egzanp mwen ban nou. Mwen pa t' fè parese lè m' te nan mitan nou.

Mwen pa t' kite pesonn ban m' manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m' pa t' sou kont nou yonn.

Se pa paske mwen pa t' gen dwa resevwa anyen nan men pesonn ki fè m' te fè sa. Non. Se paske mwen te vle ban nou yon egzanp pou nou te swiv.

10 Nou chonje lè m' te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gen dwa manje non plis.

11 M'ap pale konsa ak nou paske m' pran nouvèl gen kèk moun nan mitan nou k'ap fè parese, ki pa vle fè lòt bagay pase foure bouch yo nan zafè lòt moun.

12 Men sa m'ap voye di moun sa yo: Nan non Jezikri, Seyè a, m'ap mande nou pou nou travay nan lòd, pou nou manje swe kouraj nou.

13 Pou nou menm, frè m' yo, pa janm bouke fè sa ki byen.

14 Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pesonn gen okenn rapò avè l', pou l' sa wont.

15 Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l' tankou yon frè.

16 ¶ Mwen mande Seyè a ki konn bay kè poze, pou li fè kè nou poze tout tan, tout jan, pou li toujou la avèk nou tout.

17 Se mwen menm Pòl k'ap ekri mo sa yo: mwen voye bonjou pou nou tout. Se konsa mwen siyen tout lèt mwen yo, se konsa mwen toujou ekri.

18 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout.

Priye pou nou

Frè m ak sè m yo, nou gen lòt bagay pou nou ta di ou ankò. Priye pou nou, pou mesaj Senyè a ka pwogrese byen rapid epi tou pou moun resevwa li, ba li valè, menm jan ou menm ou te fè l la. Priye tou pou nou ka delivre anba men mechan yo, paske se pa tout moun ki kwè nan Bondye vre.

Men Bondye fidèl. L ap fòtifye epi l ap pwoteje ou kont Malfèktè a.[a] Senyè a fè nou gen konfyans ou ap fè epi kontinye fè sa nou te di w yo. Nou priye pou Senyè a pran direksyon kè w. Lè sa a, ou va renmen Bondye epi ou ap vin gen pasyans menm jan ak Kris.

Tout moun dwe travay

Frè m ak sè m yo, nan non Senyè Jezikris, nou di ou kareman, pran distans ou ak tout moun ki kwè nan Kris epi ki pa vle travay. Moun ki pa vle travay pa swiv ansèyman nou te ba yo a. Mwen di sa paske ou konnen byen kijan ou dwe imite nou. Ou konnen nou pa t parese lè nou te la ansanm ak ou menm. Nou pa t janm aksepte manje manje moun san nou pa peye pou li? Nou travay di lajounen kou lannuit pou nou pa tounen yon fado pou pyès moun. Epi, se pa paske nou pa ta gen dwa mande ou pou ou ede nou. Men nou travay pou nou pran swen tèt nou menm pou nou ka yon egzanp pou ou. 10 Lè nou te Tesalonik avèk ou, nou te di ou: “Si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje tou.”

11 Nou di sa, paske nou tande genyen kèk moun nan mitan w lan k ap mennen yon lavi parese. Yo pa vle travay, men yo gen tan pou yo foure bouch yo nan zafè lòt moun, bagay ki pa gade yo. 12 Nou mande epi ekzòte moun sa yo, avèk otorite Senyè Jezikris, pou yo kòmanse travay byen di epi pou yo manje salè travay yo. 13 Men nou menm frè m ak sè m yo, pa janm bouke fè byen.

14 Si gen yon moun pami nou ki pa vle fè sa nou di yo nan lèt sa a, fè dosye pou li epi koupe relasyon ak li pou l ka vin wont. 15 Men piga trete moun nan tankou yon lènmi. Okontrè, egzòte l tankou yon frè.

Dènye rale

16 Nou priye Senyè ki konn bay lapè a pou l ba w lapè nèt ale nan tout bagay. Se pou Segnè avèk nou tout. 17 Se mwen menm Pòl ki ekri salitasyon sa a ak pwòp men mwen. Se konsa mwen siyen tout lèt mwen yo. Se konsa mwen ekri.

18 Se pou gras Senyè Jezikris nou an avèk nou tout.

Footnotes

  1. 3:3 Malfèktè a Oubyen “mechan”. Gade nan Mat 6:13.