Add parallel Print Page Options

¶ Nou menm moun Efèz, nou te mouri poutèt mechanste ak peche nou yo.

Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay koulye a nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo.

Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo.

¶ Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,

li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.

Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve soti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou.

Li fè tou sa pou moutre pou tout tan ki gen pou vini yo jan li renmen nou anpil anpil, jan li aji byen avèk nou nan Jezikri.

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.

Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pesonn pa ka vante tèt yo.

10 Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè.

11 ¶ Nou menm ki pa t' fèt nan ras jwif la, jwif yo te rele nou moun ki pa sikonsi, menm jan yo te rele tèt yo moun ki sikonsi. Yo t'ap gade sou mak lèzòm fè sou kò yo ak men yo. Wi, nou menm moun lòt nasyon yo, chonje sa nou te ye nan tan lontan.

12 Lè sa a, nou t'ap viv byen lwen Kris la, nou te tankou etranje, nou pa t' fè pati pèp Bondye te chwazi pou li a. Nou pa t' nan kontra Bondye te fè ak pèp li a dapre sa l' te pwomèt la. Nou t'ap viv sou latè san okenn espwa, san Bondye.

13 Men koulye a, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t'ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l', gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an.

14 ¶ Paske, se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt.

15 Li aboli lalwa Moyiz la ansanm ak kòmandman l' yo ak tout regleman l' yo. Li pran de pèp sa yo, li fè yo tounen yon sèl pèp tou nouvo k'ap viv ansanm nan li. Se konsa li fè nou byen yonn ak lòt.

16 Avèk lanmò Kris la sou kwa a, li wete sa ki t'ap fè de pèp sa yo yonn rayi lòt, li fè yo tou de vin byen ak Bondye, li mete yo ansanm yonn ak lòt nan yon sèl kò.

17 Wi, Kris la te vini, li anonse bon nouvèl k'ap mete lapè a ni pou moun lòt nasyon yo ki te lwen Bondye, ni pou jwif yo ki te toupre Bondye.

18 Paske, gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kot Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentespri a.

19 Se sak fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a.

20 Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a.

21 Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l' grandi pou l' tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye.

22 Konsa, nou menm tou avèk lavi n'ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.

Sòti nan lanmò pase nan lavi

Te gen yon lè, nou te mouri espirityèlman poutèt peche nou yo epi bagay nou fè ki mal kont Bondye. Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo[a] ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo. Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv konsa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.

Men, Bondye gen anpil mizerikòd epi li renmen nou anpil. Nou te mouri espirityèlman poutèt tout sa nou te fè ki mal kont Bondye. Men, Bondye ban nou lavi ansanm ak Kris la. Se grenmesi gras Bondye ki fè nou sove. Se vre wi, se paske nou fè youn ak Kris la ki fè Bondye Papa a resisite nou epi li fè nou chita ansanm ak li nan syèl la. Kalite bonte sa a, Bondye manifeste l anvè nou menm ki pou Kris, se pou l ka montre aklè kantite richès gras li genyen pou tout tan gen tan.

Se gras Bondye fè nou ki fè nou sove, sèlman paske nou kwè. Se pa nou menm ki te sove tèt nou. Se yon kado Bondye te fè nou. Se pa anyen nou te fè pou sa. Konsa, pèsonn pa ka bat lestomak li pou fè chèlbè. 10 Se Bondye ki fè nou sa nou ye a. Li fè nou vin moun nouvo nan Jezikris. Konsa, nou ka pase lavi nou ap fè bon bagay li te planifye davans pou nou fè.

Nou fè youn nan Kris

11 Konprann byen, nou pa t fèt Jwif. Nou se yon ekip moun Jwif yo te rele “moun ki pa sikonsi” epi yo rele tèt yo “moun ki sikonsi”. Sikonsizyon sa a, se yon bagay yo te fè nan kò yo ak pwòp men yo. 12 Sonje byen. Nan tan pase, nou t ap viv san Kris. Nou te tankou etranje ki pa t gen menm dwa ak sitwayen nan pèp Izrayèl la epi tou nou pa t moun ki te gen anyen pou wè ak alyans Bondye te fè ak pèp Izrayèl la, dapre pwomès li te fè yo. Nou pa t gen okenn espwa epi nou pa t konnen Bondye non plis. 13 Wi, te gen yon lè, nou te lwen Bondye, men kounye a, nan Jezikris, Bondye rale nou vini pre li. Bondye fè sa, grenmesi san Jezikris ki te koule a, lè l te mouri pou nou sou kwa a.

14 Se pa mwayen Kris nou fè lapè youn ak lòt, lè l fè moun ki pa Jwif yo ansanm ak Jwif yo fè yon sèl pèp. Se avèk pwòp kò l Kris la kraze baryè rayisman sa a ki te separe Jwif yo ak moun ki pa Jwif yo. 15 Jezi mete yon bout nan lalwa a ak tout kantite kòmandman ak regleman l yo. Li fè sa pou l ka fè de gwoup moun yo vin tounen yon sèl nan li menm. Epi se sa menm ki bay lapè a. 16 Avèk lanmò l sou lakwa, Jezi mete bout nan rayisman ki te genyen ant Jwif yo ak moun ki pa Jwif yo. Li rekonsilye yo epi li fè yo fè yon sèl kò nan Bondye. 17 Jezikris te vini, li pote mesaj lapè a bay moun ki pa Jwif yo ki te lwen Bondye. Li pote mesaj lapè a tou bay Jwif yo ki te toupre Bondye. 18 Wi, grenmesi Kris la, nou tout, kit nou Jwif kit nou pa Jwif, nou gen dwa pwoche bò kote Bondye Papa a nan Sentespri a sèlman.

19 Se sa k fè, nou menm ki pa Jwif, nou pa etranje ni moun vini ankò. Men, nou se sitwayen ansanm ak pèp ki apa pou Bondye a. Nou fè pati fanmi Bondye a. 20 Nou menm ki kwè, nou tankou yon kay Bondye posede. Kay sa a te bati sou fondasyon apot yo ak pwofèt yo te prepare. Jezikris li menm li se wòch ki pi enpòtan[b] nan kay la. 21 Tout kay la kanpe ansanm nan Kris la, epi se Kris la ki fè l grandi pou l tounen yon gwo kay ki apa nan Senyè a. 22 Nan Kris, Bondye Papa a ap itilize nou ansanm ak lòt moun pa l yo pou l bati; l ap fè w tounen kay kote l ap viv pa mwayen Sentespri a.

Footnotes

  1. 2:2 lespri k ap dirije pouvwa mechan yo Gade Satan nan Lis Mo yo.
  2. 2:20 wòch ki pi enpòtan Literalman, “wòch kwen”.