Add parallel Print Page Options

¶ Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba proteksyon Jezikri.

Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite.

¶ Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l' yo.

Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.

Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen pròp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pa t' kwè yo.

Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an.

Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun.

¶ Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal.

Menm Akanj Michèl, lè li t'ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz, li pa t' penmèt li jije dyab la yon jan pou l' te manke l' dega. Men, li annik di li: Mèt la va regle avè ou.

10 Yo menm, okontrè, yo pale mal sou sa yo pa konprann. Bagay yo konnen se bagay ensten yo moutre yo tankou bèt ki san konprann. Se bagay sa yo menm k'ap pèdi yo.

11 Malè pou yo! Y'ap fè menm rout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye.

12 Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt.

13 Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.

14 Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l' te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo.

15 ¶ L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move paròl yo te di sou li.

16 Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.

17 Men, nou menm, zanmi m' yo, toujou chonje paròl apòt Segnè Jezikri yo te di nou davans lan.

18 Yo te di nou konsa: Lè dènye jou yo va rive, va gen anpil moun k'ap san respè pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo gengnen.

19 Se moun sa yo k'ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachè dominen yo. Se pa Lespri Bondye a k'ap dirije lavi yo.

20 Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k'ap fè nou viv pou Bondye nèt ale. Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete.

21 Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Segnè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou.

22 Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou.

23 Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an.

24 Koulye a tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repròch ak kè kontan devan l' nan tout bèl pouvwa li.

25 Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amèn.

Mwen menm se Jid, sèvitè Jezikris la, epi frè Jak la. M ap ekri pou tout moun Bondye rele yo. Li renmen yo epi l ap gade yo pa mwayen Jezikris.

M ap priye pou Bondye ban nou mezerikòd, lapè ak lanmou l pi plis toujou.

Bondye ap pini moun k ap fè sa ki mal yo

Byeneme m yo, se pa ti anvi mwen te anvi ekri nou osijè delivrans nou tout ap pataje ansanm lan. Men m santi yon pouse pou m ekri nou sou yon lòt bagay: pou m ka ankouraje nou pou n defann lafwa Bondye bay moun ki apa pou l yo, yon fwa pou tout. Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an.

Mwen vle ede nou sonje kèk bagay nou konnen deja: Sonje Senyè a[a] te sove pèp li a, lè l te kondui yo soti nan peyi Lejip. Men apre sa, li te detwi tout moun ki pa t kwè yo. Epi sonje tou, istwa yon seri zanj ki te pèdi otorite yo, yo te kite demè yo. Senyè a anchennen yo pou tout tan nan fènwa pou tann gran jijman final la. Sonje tou sa k te rive Sodòm ak Gomò ansanm ak lòt vil ki te toutotou yo. Sete menm jan ak move zanj yo. Yo te fè peche seksyèl, yo te menm rive fè sèks ak kreyati ki pa moun. Poutèt sa, yo te kondane pou lanfè etènèl la. Sa se te pou trase yon egzanp pou tout moun.

Malgre sa, moun sa yo ki antre nan mitan nou yo, yo fè menm jan ak abitan vil sa yo. Y ap imajine bagay ki pa vre. Y ap swiv move lanvi kò yo. Yo meprize otorite Senyè a epi y ap ensilte zanj ki nan glwa yo. Menm Michèl, chèf zanj yo, li pa fè bagay konsa. Poutan, li te nan yon bon chire pit ak lespri malen an, poutèt kò Moyiz. Nan chire pit sa a, li pa t oze ensilte l. Li di sèlman: “Se pou Senyè pini w!”

10 Poutan, mesye sa yo ap kritike bagay yo pa konprann. Yo konprann kèk ti bagay. Men se pa ak entelijans yo, se sa yo santi, menm jan ak bèt yo ki pa gen entelijans pou konprann bagay yo. Epi se bagay sa yo ki detwi yo nèt. 11 Malè pou yo! Paske yo pran menm chemen ak Kayen,[b] menm wout ak Balam,[c] y ap bay manti pou lajan. Y ap peri, paske yo revòlte kont Bondye, menm jan Kore[d] te fè.

12 Moun sa yo se yon danje pou repa kominyon fratènèl nou yo. Yo manje epi bwè ak nou, san yo pa pè anyen. Yo panse sèlman ak pwòp tèt yo. Yo menm jan nyaj van ap pouse san lapli. Yo menm jan ak pye bwa ki pa janm donnen. Yo san rasin, se vye bwa ki mouri menm de fwa yo ye. 13 Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.

14 Enòk, ki se setyèm desandan depi Adan, li te pwofetize sou yo. Li te di konsa: “Koute sa, Senyè a ap vini avèk lame zanj li yo ki sen. 15 L ap jije yo tout. L ap kondane tout mechan yo pou tout move zak yo te komèt kont li yo. L ap kondane sa k ap peche ak ògèy yo, pou jan yo te ensilte l la ak tout vye pawòl yo.”

16 Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.

Yon avètisman ansanm ak sa yo dwe fè

17 Men ou menm, byeneme, se pou w sonje sa apot Jezikris, Senyè nou an te di ki gen pou vini. 18 Yo te di: “Nan dènye tan yo, pral gen moun k ap pase Bondye nan betiz epi y ap viv jan yo vle nan swiv move tandans kè yo.” 19 Moun sa yo, se yo menm k ap simen divizyon nan mitan nou. Se moun k ap viv dapre lachè, yo pa gen Sentespri Bondye a.

20 Ou menm, Byeneme, kontinye fonde lavi w nan lafwa. Se pou w priye avèk èd Sentespri a. 21 Rete nan lanmou Bondye. Mete konfyans ou nan Senyè Jezikris. Nan mizerikòd li, l ap ban w lavi etènèl.

22 Ede moun ki gen dout nan kè yo. 23 Ann rache yo soti anba dife lanfè. Pou kèk lòt moun, nou dwe gen pitye pou yo. Men se pou n pridan anpil pou salte lavi yo pa tonbe sou nou.

Louwanj pou Bondye

24 Bondye ki gen tout pouvwa a, k ap prezève nou pou n pa tonbe, epi k ap fè nou prezan devan li nan glwa li, san repwòch epi nan lajwa, 25 Pou Bondye sèl Sovè nou an, pa mwayen Jezikris, se pou tout glwa, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite rasanble nan men li menm sèl, depi kounye a epi pou tout tan! Amèn!

Footnotes

  1. 1:5 Senyè a Kèk nan pi ansyen epi pi bon maniskri Grèk sou Jid genyen “Jezi” nan plas sa a. Si se “Jezi” nou aksepte kijan pi bon tèks la, li li ta sipoze ranplase “Senyè” nan vèsè 6 la tou.
  2. 1:11 Kayen Gade nan Jen 4:1-16.
  3. 1:11 Balam Gade nan Nb 25:1-4; 31:16.
  4. 1:11 Kore Gade nan Nb 16:1-40.