Add parallel Print Page Options

Yo antere Jezi

(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Lik 23:50-56)

38 Apre bagay sa yo, Jozèf, moun lavil Arimate a, te mande Pilat otorizasyon pou l pran kò Jezi. Se te yon disip tou, men li te disip Jezi ankachèt, paske li te pè Jwif yo. Pilat dakò, konsa Jozèf vin pran kò a.

39 Nikodèm te vini tou, se li menm ki te al kote Jezi nan mitan lannuit lan. Li pote yon melanj lami ak lalwa ki te trant (30) kilogram[a] konsa. 40 Yo pran kò jezi, yo vlope l nan yon bann twal fen epi yo mete luil santi bon sou li, jan Jwif yo te konn fè lè y ap antere moun. 41 Kote yo te krisifye Jezi a te gen yon jaden. Nan jaden sa a, te gen yon kav tou nèf, yo pa t ko mete pèsonn ladan. 42 Poutèt se te jou pou Jwif yo te fè preparasyon pou Jou saba a, epi tou kav la te toupre, se ladan yo te mete Jezi.

Read full chapter

Footnotes

  1. 19:39 trant (30) kilogram Literalman, “100 lit”.