Add parallel Print Page Options

Pa gen anyen ou ka resi sere tèlman byen pou l pa janm parèt aklè. Pa gen anyen ou ka resi sere pou moun pa janm konnen li ditou. Kidonk, tout sa ki di an prive pral di devan tout moun. Tout sa ou chichote nan zòrèy moun ankachèt, y ap pibliye l byen fò an piblik.”

Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun

(Mat 10:28-31)

Men sa m ap di nou, nou menm ki zanmi m: “Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a sèlman, men ki pa gen anyen li ka fè ankò apre sa. M ap di nou kilès pou nou pè pito. Se pou nou pè Bondye pito, paske lè l fin touye kò a, li gen otorite tou pou voye l jete nan lanfè. Wi, se li menm pou nou pè pito.

Èske nou pa wè ti zwazo ap vann pou piyay, se senk (5) pou dis (10) kòb yo vann yo. Epoutan, Bondye pa bliye yo. Bondye menm konnen konbyen cheve nou gen nan tèt nou. Nou pa bezwen pè anyen, paske nou gen plis valè lontan pase anpil ti zwazo.”

Read full chapter