Add parallel Print Page Options

Bat pou ou pa pèdi enfliyans ou

(Mat 5:13; Mak 9:50)

34 “Sèl se yon bon bagay. Men si menm sèl la pèdi gou sale li,[a] ak kisa y ap reba li gou sale a ankò? 35 Yon sèl konsa pa bon ni pou mete nan tè a kòm angrè, ni pou mete nan matyè pou fè dife. Se jete pou voye sa jete.

Moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 14:34 pèdi gou sale li Nan peyi Izrayèl, yo te konn pran sèl oubyen nan Lanmè Mòt oubyen nan Lanmè Mediterane. Poutèt sèl la te gen mineral ladan l, depi li kontre ak imidite, li te konn pèdi gou sale a. Yo te konn melanje bon sèl la avèk matyè bèt pou fè dife pou kwit manje. Lè matyè a melanje ak sèl la li pran dife pi byen. Moun yo te konn itilize bon sèl la kòm angrè tou.