Add parallel Print Page Options

Pilat eseye libere Jezi

(Mat 27:15-26; Mak 15:6-15; Jan 18:39–19:16)

13 Pilat rele chèf prèt yo ak tout otorite yo ansanm ak tout pèp la. 14 Li di yo: “Nou mennen nonm sa a ban mwen, nou di m l ap monte tèt pèp la. Epoutan, mwen egzamine li devan nou la a, mwen pa jwenn li koupab anyen nan bagay nou akize l yo. 15 Ewòd nonplis pa jwenn li koupab, se sa k fè li voye l tounen ban nou. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. 16 Kidonk, m ap fè bat li byen bat, epi m ap lage l.” 17 [a]

18 Men, tout foul la pran kriye ansanm: “Touye nonm sa a! Lage Barabas!” 19 Barabas la te nan prizon poutèt li te okazyone yon dezòd epi li te touye yon moun tou.

20 Kòm Pilat te vle lage Jezi. Sa fè li pale ak foul la ankò. 21 Foul la menm pran kriye byen fò: “Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa!”

22 Pou yon twazyèm fwa, Pilat di yo: “Manyè di m non, ki move zak nonm sa a fè? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan li ki merite lanmò. Mwen deja di nou, m ap fè bat li byen bat, apre sa, m ap lage l.”

23 Men, foul la kontinye kriye pi fò toujou. Yo ensiste pou Pilat klouwe Jezi sou kwa. Yo sitèlman rele fò, 24 Pilat pran desizyon pou l ba yo sa yo mande a. 25 Jan yo te mande l la, Pilat lage Barabas ki te nan prizon poutèt li te pwovoke yon dezòd epi touye moun, apre sa, li livre Jezi ba yo pou yo fè sa yo vle ak li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 23:17 Se sèlman kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 17: “Chak ane, pou fèt Pak la, Pilat toujou lage yon prizonye bay pèp la.”