Add parallel Print Page Options

Pyè konnen kilès Jezi ye

(Mak 8:27-30; Lik 9:18-21)

13 Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon: “Ki lès nou tande yo di mwen ye, mwen menm Pitit Lòm nan?”

14 Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Janbatis. Gen lòt moun ki di ou se Eli. Gen yon lòt gwoup ki di ou se Jeremi oswa youn nan pwofèt yo.”

15 Apre sa, Jezi mande disip yo: “E nou menm, ki lès nou di mwen ye?”

16 Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”

17 Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa. 18 Ou rele Pyè ki vle di wòk,[a] pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò[b] p ap ka gen viktwa sou li. 19 M ap remèt ou kle wayòm Bondye a. Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.”

20 Apre sa, Jezi di disip li yo pou yo pa di moun se li menm ki Kris la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 16:18 Pyè … wòk “Pyè”, se fòm grèk pou yon non arameyen “Sefas”, ki vle di “wòk”. Nan Bib la (Eza 51:1-2), menm jan ak nan tradisyon Jwif yo, yo te konpare Abraram ak yon wòk Bondye ta sèvi pou l “bati” pèp li a. Konsa, Jezi ta vle di Pyè se tankou Abraram. Bondye te bay Abraram ak Sara nouvo non epi li fè lwanj pou yo kòm egzanp lafwa pou pitit pitit yo. Menm jan an tou, Jezi bay Pyè yon lòt non (gade nan Mak 3:16) epi li fè lwanj pou l pou gwo pawòl lafwa sa a.
  2. 16:18 puisans lanmò Literalman, “pòt Lanfè”.