Add parallel Print Page Options

Jezi pale sou kesyon divòs

(Mak 10:1-12)

19 Apre Jezi fin pale sou tout koze sa yo, li kite rejyon Galile a pou l ale nan rejyon Jide ak rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Yon gwo foul moun t ap swiv li. Li te fè anpil gerizon.

Kèk Farizyen ki te vle pase Jezi yon tès, te pwoche bò kote l. Yo di li: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse madanm li pou nenpòt ki rezon?”

Jezi reponn yo: “Èske Bib la pa di lè Bondye t ap kreye lemonn se yon gason ak yon fi[a] l te kreye? Apre sa Bondye di: Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.[b] Konsa, yo pa de ankò, men yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.”

Farizyen yo di Jezi: “Enben, poukisa Moyiz te bay lòd si yon gason ap kite madanm li fòk li ba li papye divòs?”[c]

Jezi reponn yo: “Moyiz bay pèmisyon an paske tèt nou di, men sa pa t nan plan kreyasyon an. Men mwen menm, m ap di nou: si yon nonm divòse ak madanm li, eksepte pou koz peche seksyèl, epi l al marye avèk yon lòt fi, li komèt adiltè.”

10 Lè disip yo tande sa, yo di Jezi: “Si se konsa bagay la ye nan relasyon gason ak fi, li ta pi bon pou yon nonm pa janm marye!”

11 Jezi reponn yo: “Se sèlman moun Bondye bay don pou sa ki konprann sa n ap di la a. 12 Gen moun ki pa marye poutèt jan yo fèt la: se bagay de nesans. Gen lòt moun ki pa marye[d] poutèt operasyon lèzòm fè sou yo. Gen kèk lòt moun ki deside pa marye pou yo ka fè sèvis Bondye pi byen. Sa a se pou moun ki ka fè l.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 19:4 Sitasyon sa a soti nan Jen 1:27; 5:2.
  2. 19:5 Sitasyon sa a soti nan Jen 2:24.
  3. 19:7 Gade nan Det 24:1.
  4. 19:12 moun ki pa marye Literalman, “gen moun ki enik”, moun ki pa marye. Gade Enik nan Lis Mo yo.