Add parallel Print Page Options

19 ¶ Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li kite peyi Galile a, li ale nan zòn peyi Jide ki lòt bò larivyè Jouden an.

Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Lè l' rive, li geri malad yo.

¶ Kèk farizyen pwoche bò kot Jezi pou yo wè si yo te ka pran l' nan pèlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz?

Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi.

Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò.

Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pesonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.

Farizyen yo di li: Bon, poukisa Moyiz te bay lòd pou yon nonm ekri yon papye divòs voye bay madanm li, anvan pou l' kite avè li?

Jezi reponn yo: Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pa t' konsa.

Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan.

10 Disip li yo di li: Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye.

11 Jezi reponn yo: Se pa tout moun ki asepte pawòl sa a. Se sèlman moun Bondye bay pouvwa pou sa.

12 Paske, gen anpil rezon ki ka enpoze yon nonm marye. Genyen ki fèt tou konsa: yo pa ka marye. Gen lòt, se moun ki mete yo nan eta sa a pou yo pa ka marye. Gen lòt ankò ki pa marye poutèt Peyi Wa ki nan syèl la. Si yon moun ka asepte pawòl sa a, se pou l' asepte li.

13 ¶ Lè sa a, yo mennen kèk timoun piti bay Jezi pou l' te mete men l' sou tèt yo, pou l' te lapriyè pou yo. Men, disip yo t'ap di moun yo pa fè sa.

14 Jezi di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.

15 Li mete men l' sou tèt yo. Apre sa, li pati, li kite kote l' te ye a.

16 ¶ Yon nonm pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m' ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an?

17 Jezi reponn li: Poukisa w'ap poze m' keksyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilès kòmandman sa yo?

18 Jezi reponn li: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti.

19 Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou.

20 Jennonm lan di li: Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m' fè ankò?

21 Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.

22 Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l', li ale paske li te gen anpil byen.

23 ¶ Lè sa a, Jezi di disip li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.

24 M'ap di nou sa ankò: L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.

25 Lè disip yo tande sa, yo pa t' manke sezi, yo di: Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?

26 Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.

27 Lè sa a, Pyè di li: Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisak pral rive nou?

28 Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.

29 Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.

30 Anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.

Jezi pale sou kesyon divòs

(Mak 10:1-12)

19 Apre Jezi fin pale sou tout koze sa yo, li kite rejyon Galile a pou l ale nan rejyon Jide ak rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Yon gwo foul moun t ap swiv li. Li te fè anpil gerizon.

Kèk Farizyen ki te vle pase Jezi yon tès, te pwoche bò kote l. Yo di li: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse madanm li pou nenpòt ki rezon?”

Jezi reponn yo: “Èske Bib la pa di lè Bondye t ap kreye lemonn se yon gason ak yon fi[a] l te kreye? Apre sa Bondye di: Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.[b] Konsa, yo pa de ankò, men yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.”

Farizyen yo di Jezi: “Enben, poukisa Moyiz te bay lòd si yon gason ap kite madanm li fòk li ba li papye divòs?”[c]

Jezi reponn yo: “Moyiz bay pèmisyon an paske tèt nou di, men sa pa t nan plan kreyasyon an. Men mwen menm, m ap di nou: si yon nonm divòse ak madanm li, eksepte pou koz peche seksyèl, epi l al marye avèk yon lòt fi, li komèt adiltè.”

10 Lè disip yo tande sa, yo di Jezi: “Si se konsa bagay la ye nan relasyon gason ak fi, li ta pi bon pou yon nonm pa janm marye!”

11 Jezi reponn yo: “Se sèlman moun Bondye bay don pou sa ki konprann sa n ap di la a. 12 Gen moun ki pa marye poutèt jan yo fèt la: se bagay de nesans. Gen lòt moun ki pa marye[d] poutèt operasyon lèzòm fè sou yo. Gen kèk lòt moun ki deside pa marye pou yo ka fè sèvis Bondye pi byen. Sa a se pou moun ki ka fè l.”

Jezi resevwa timoun yo

(Mak 10:13-16; Lik 18:15-17)

13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l te ka poze men sou yo epi beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. 14 Lè sa a, Jezi di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa anpeche yo, paske wayòm syèl la se pou moun ki sanble avèk yo.” 15 Apre Jezi fin touche timoun yo ak men l, epi li beni yo, li deplase kite kote l te ye a.

Yon nonm rich refize swiv Jezi

(Mak 10:17-31; Lik 18:18-30)

16 Yon nonm pwoche bò kote Jezi, epi li di l: “Mèt, ki bon zèv mwen dwe fè pou m ka gen lavi etènèl?”

17 Jezi reponn li: “Poukisa w ap poze m kesyon sou sa ki bon? Se sèl Bondye ki bon. Men si ou vle gen lavi etènèl, obeyi kòmandman yo.”

18 Nonm nan reponn:

“Kilès nan kòmandman yo?” Jezi reponn li: “Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou lòt moun. 19 Onore papa w ak manman w,[e] epi renmen pwochen[f] w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[g]

20 Jenòm nan di Jezi: “Mwen gen tan fè tout bagay sa yo deja. Sa m manke?”

21 Jezi di li: “Si ou vle bon nèt, ale vann tout sa w genyen. Bay pòv lajan an! Konsa, ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”

22 Lè nonm nan tande deklarasyon sa a, sa te fè l tris anpil, paske li te gen anpil richès. Konsa, li vire do li, l ale.

23 Jezi di disip li yo: “Anverite, li p ap fasil menm pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a. 24 M ap di nou ankò: L ap pi fasil pou yon chamo pase nan twou je yon zegwi pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”

25 Disip Jezi yo te sezi tande sa. Konsa, yo mande li: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?”

26 Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm, sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.”

27 Apre sa, Pyè reponn, li di Jezi: “E nou menm ki kite dèyè tout sa nou te genyen pou nou vin swiv ou, kisa n ap jwenn?”

28 Jezi di yo: “Anverite m ap di nou, nan nouvo mond la, Pitit Lòm nan gen pou chita sou yon twòn laglwa li. Lè sa a, nou menm tou n a chita sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. 29 Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt non mwen ap gen pou resevwa 100 fwa plis, epi l ap eritye lavi etènèl nan fanmi Bondye. 30 Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.

Footnotes

  1. 19:4 Sitasyon sa a soti nan Jen 1:27; 5:2.
  2. 19:5 Sitasyon sa a soti nan Jen 2:24.
  3. 19:7 Gade nan Det 24:1.
  4. 19:12 moun ki pa marye Literalman, “gen moun ki enik”, moun ki pa marye. Gade Enik nan Lis Mo yo.
  5. 19:19 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:12-16; Det 5:16-20.
  6. 19:19 pwochen Pwochen oubyen “Lòt moun”. Sa Jezi ansye nan Lik 10:25-37 montre aklè sa vle di nenpòt moun ki nan bezwen.
  7. 19:19 Sitasyon sa a soti nan Lev 19:18.