Add parallel Print Page Options

18 ¶ Apre sa, mwen wè yon lòt zanj desann soti nan sièl la. Li te gen gwo pouvwa nan men li. Li te klere byen bèl, li klere tout latè.

Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete.

Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch.

Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo.

Paske, peche l' yo fè pil sou pil rive jouk nan sièl la. Bondye chonje tou sa li fè ki mal.

Se pou n' aji avè l' menm jan li te aji avèk nou. Pou tou sa li fè yo, n'a peye l' de fwa lavalè. Plen gode l' ak yon gwòg de fwa pi fò pase sa l' te pare pou nou an.

Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fè l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn.

Se poutèt sa, tout kalamite l' yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l' la se yon Mèt ki gen pouvwa.

¶ Tout wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l' yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l' la.

10 Y'a rete byen lwen tèlman yo pral pè l' y'a wè jan li pral soufri a. Y'a di konsa: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Ou menm Babilòn, lavil ki fò a, yon sèl moman kont pou peni ou!

11 Kòmèsan latè yo tou t'ap rele, yo t'ap kriye pou li, paske pa t' gen pesonn ankò pou achte machandiz yo:

12 lò, ajan, bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè violèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asie, an fè ak an mab,

13 kannèl, epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun.

14 Kòmèsan yo t'ap di lavil la: Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò!

15 Kòmèsan ki te fin rich nan fè kòmès nan lavil la va rete byen lwen, tèlman yo pral pè jan li pral soufri a. Y'a plenn sò li, y'a kriye,

16 y'a di: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulè violèt, twal fin koulè wouj! Pou jan l' te chaje ak bijou an lò, ak bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl!

17 Yon sèl moman kont pou l' te pèdi tout richès sa yo! Tout kaptenn bato ak pasaje yo, marin yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen.

18 Lè yo wè lafimen dife ki t'ap boule lavil la, yo pran rele: pa t' gen okenn lòt lavil ki te tankou gwo lavil sa a!

19 Yo pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l' te genyen!

20 Ou menm, sièl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye peni li pou sa l' te fè nou.

21 Lè sa a, yon zanj ki te gwonèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l' nan lanmè a. Li di: Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pesonn p'ap janm wè l' ankò.

22 Yo p'ap janm tande mizik mizisyen ki konn jwe gita, fif ak klewon lakay ou. Yo p'ap jwenn okenn ouvriye pou fè okenn metie. Yo p'ap tande bri moulen mayi yo ankò.

23 Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo.

24 Yo peni Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.

Babilòn detwi nèt

18 Apre sa, m wè yon lòt anj desann soti nan syèl la. Anj sa a te gen anpil pouvwa. Laglwa anj sa a te klere latè byen klere. Anj lan t ap rele byen fò:

“Li kraze!
    Gwo lavil Babilòn nan kraze!
Li vin tounen kay tout demon yo.
    Lavil la vin tounen yon kote tout move lespri yo rete.
Se yon kote tout kalite zwazo ki pa pwòp yo rete.
    Se yon kote tout vye bèt ki pa pwòp ak bèt moun rayi rete.
Tout pèp sou latè bwè nan diven an,
    diven peche seksyèl la, ansanm ak kolè Bondye a.
Wa ki sou latè yo fè peche seksyèl avèk li,
    machann yo ki nan mond lan tou,
    yo vin rich avèk anpil richès yo jwenn nan gwo lavil la.”

Mwen tande yon lòt vwa ki soti nan syèl la. Li di:

“Pèp mwen, soti nan vil la,
    pou w pa patisipe nan peche l yo.
    Lè sa a, ou p ap pase anba pinisyon tèrib k ap vin pou li.
Peche lavil la fè pil monte rive nan syèl la.
    Bondye pa bliye move zak li yo.
Trete lavil sa a menm jan l te trete lòt yo.
    Remèt li de fwa lavalè sa l te fè.
Mete nan gode pou li yon diven ki de fwa pi fò
    pase diven li te bay lòt yo.
Li te renmen laglwa ak richès anpil.
    Ba l menm kantite a nan soufrans ak nan dèy.
Li t ap di nan kè li:
    M chita sou fotèy rèn mwen.
Mwen pa yon vèv;
    m p ap janm an dèy.
Se poutèt sa, nan yon sèl jou, li pral soufri
    yon grangou rèd, dèy ak lanmò.
Se nan dife l ap fini,
    paske Senyè Bondye ki jije l la gen anpil puisans.”

Wa sou latè yo ki t ap fè peche seksyèl avè l yo epi ki t ap pwofite richès li yo, yo va wè lafimen vil la k ap boule. Yo gen pou yo kriye epi y ap pran dèy poutèt lavil la. 10 Wa yo ap kanpe lwen, nan lapèrèz, poutèt soufrans vil la. Yo va di:

“Elas! Elas, gwo vil la,
    o Babilòn, vil ki te gen anpil pouvwa a!
Nan inèd tan sèlman,
    ou jwenn jijman w!”

11 Machann toupatou sou latè ap kriye epi y ap pran dèy tou poutèt lavil la. Kounye a, pa gen pèsòn pou achte machandiz yo: 12 Lò, lajan, bèl wòch ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal swa, bèl twal wouj, tout kalite bwa ki santi bon anpil, tout kalite bagay yo fè ak ivwa, an bwa ki koute chè, bagay an bwonz, an fè ak an mab, 13 kanèl ak lòt epis, lami, lansan, diven, lwil doliv, farin frans ak ble, anpil bèf ak mouton, cheval ak cha pou moun monte, kò moun ak nanm moun. Machann yo pran kriye epi yo di:

14 “O Babilòn, bèl bagay yo,
    sa ou te renmen yo vire do ba ou.
Tout richès ak bèlte fini pou ou.
    Ou p ap janm jwenn yo ankò.”

15 Machann ki te vin rich nan fè komès nan vil sa a, yo kanpe byen lwen l. Laperèz ap tonbe sou yo poutèt gwo soufrans sa yo. Y ap kriye epi y ap pran dèy. 16 Y ap di:

“Ala rèd sa rèd, Gwo lavil la!
    Li te konn abiye byen fen ak rad ki fèt ak twal ki koute chè;
    li te abiye an mov wouj.
    Li te plen lò sou li, wòch ki koute chè ak pèl!
17 Epi nan inèd tan sèlman
    tout richès sa yo detwi!”

Tout kapitèn bato yo ki t ap vwayaje sou lanmè a, maren yo ak tout moun k ap fè lapèch kanpe byen lwen lavil Babilòn nan. 18 Yo t ap gade lafimen ki t ap leve soti nan dife a epi yo t ap di: “Pa t janm gen yon vil tankou vil sa a.” 19 Yo t ap voye pousyè sou tèt yo epi yo te pran dèy. Yo t ap di:

“Gade yon tray pou gwo lavil la!
    Vil sa a te konn anrichi tout moun ki gen bato sou lanmè poutèt gwo richès li!
    Epi men li kraze nèt nan inèd tan!
20 Se pou syèl la fè fèt poutèt sa!
    Pèp ki apa pou Bondye a ansanm ak apot yo, pwofèt yo, se pou nou fè fèt!
Bondye pini l
    poutèt sa l te konn fè nou.”

21 Lè sa a, yon anj ki puisan anpil pran yon gwo wòch ki lou tankou yon pwa senkant. Anj lan jete wòch la nan lanmè, li t ap di:

“Men kijan yo va kraze Babilòn,
    gwo lavil la, yon sèl kou!
    Moun p ap janm wè l ankò.
22 O Babilòn, bri mizik ap yo, chantè yo, flit yo ak twonpèt yo
    moun p ap janm tande yo lakay ou ankò.
Okenn moun k ap fè djòb
    p ap vin lakay ou ankò.
Bri moulen yo,
    moun p ap janm tande sa lakay ou ankò.
23 Limyè lanp
    p ap janm klere lakay ou ankò.
Bri lamarye ak mesye marye,
    yo p ap tande sa lakay ou ankò.
Machann ou yo, se yo ki te pi gran nèg sou latè.
    Ou te twonpe tout nasyon yo ak maji w.
24 Ou koupab nan lanmò anpil pwofèt, ou fè san pèp Bondye a koule
    ansanm ak tout lòt moun yo touye sou latè.”