Add parallel Print Page Options

¶ Apre sa mwen wè ti Mouton an kase yonn nan sèt sele yo. Lè sa a, mwen tande yonn nan kat bèt vivan yo pale, ou ta di yon kout loraj. Li di: Vini non!

Mwen gade, mwen wè yon chwal blan. Moun ki te moute l' la te kenbe yon banza nan men l'. Yo ba l' yon kouwòn met sou tèt li. Li pati tankou yon moun ki fin genyen yon batay men ki soti pou l' genyen ankò.

¶ Apre sa, ti Mouton an kase dezyèm sele a. Mwen tande dezyèm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non!

Lè sa a, yon lòt chwal koulè wouj soti. Moun ki te moute l' la resevwa pouvwa pou l' mete lagè toupatou sou latè, pou lèzòm ka yonn touye lòt. Yo ba l' yon gwo nepe kenbe nan men li.

Apre sa, ti Mouton an kase twazièm sele a. Mwen tande twazièm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal nwa. Moun ki te moute l' la te kenbe yon balans nan men li.

Mwen tande yon vwa ki soti nan mitan kat bèt vivan yo ki t'ap di: Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men, pa manyen ni lwil la ni diven an.

Apre sa, ti Mouton an kase katriyèm sele a. Mwen tande katriyèm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non!

Mwen gade, mwen wè yon chwal koulè vèt. Moun ki te moute l' la te rele lanmò. Moun ki kanpe pou kote mò yo ye a t'ap mache dèyè li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka (1/4) latè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bèt nan bwa ki sou latè.

¶ Apre sa, ti Mouton an kase senkièm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l' ye a.

10 Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou?

11 Yo ba yo chak yon rad blan mete sou yo. Apre sa, yo mande yo pran pasians pou yon ti tan ankò, jouk kantite frè ak kanmarad sèvis ki gen pou mouri tankou yo a fin kont.

12 Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizièm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, sòlèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san.

13 Zetwal yo menm t'ap sot nan sièl la tonbe sou latè, tankou fig frans tou vèt k'ap tonbe lè gwo van ap souke pie fig la.

14 Sièl la disparèt nèt tankou yon woulo papie yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote.

15 Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo.

16 Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou.

17 Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?

Ti mouton an louvri woulo liv la

Apre sa, m t ap gade, Ti Mouton an kase youn nan sèt sele yo. Lè sa a, m tande youn nan kat kreyati vivan yo pale byen fò tankou yon kout loray, li di, “vini!” M voye je m, m wè devan m yon chwal blan. Kavalye a kenbe nan men l yon ache epi yo ba li yon kouwòn. Li pati sou chwal li pou l al ranpòte laviktwa.

Lè l kase dezyèm sele a, mwen tande dezyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Lè sa a, yon lòt chwal parèt, yon koulè wouj vif. Kavalye a resevwa pouvwa pou l retire lapè sou latè, pou l fè moun yo youn ap koupe tèt lòt, touye youn lòt. Yo ba li yon gran nepe.

Lè li kase twazyèm sele a, m tande twazyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Mwen gade epi m wè yon chwal nwa. Kavalye a te gen yon balans nan men l. Epi m tande yon bagay menm jan ak yon vwa ki soti pami kat kreyati vivan yo. Vwa a di: “Yon mezi ble pou yon denye,[a] twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men pa touche lwil la ak diven an pou fè yo mal.”

Lè l kase katriyèm sele, mwen tande katriyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Lè sa a, m gade, m wè yon chwal koulè vèt pal. Kavalye a rele lanmò, epi plas pou resevwa mò yo t ap swiv li. Yo te bay kavalye a, ansanm ak plas pou resevwa mò yo, pouvwa sou yon ka nan latè, pou yo touye moun yo ak nepe, ak grangou, ak epidemi maladi epi ak tout kalite bèt sovaj.

Lè l kase senkyèm sele a, mwen wè, anba lotèl la, nanm moun yo te touye yo poutèt pawòl Bondye ak fidelite yo. 10 Yo t ap kriye byen fò pou di: “Senyè sen, Senyè toutbon vre, jis ki tan ou va fè n jistis, jis ki tan ou va vanje san nou sou tout moun ki rete sou latè?” 11 Lè sa a, yo chak te resevwa yon wòb blan epi yo di yo konsa: Tann yon ti tan ankò, jouktan kantite konpanyon nou yo ki dwe mouri a va fin mouri menm jan an tou.

12 Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an kase sizyèm sele a. Epi li fè yon gwo gwo trannmantè. Solèy la vin tou nwa tankou yon twal nwa pwès, epi tout lalin nan vin tou wouj tankou san. 13 Zetwal yo t ap grennen tonbe soti nan syèl, menm jan ak lè yon gwo van sekwe yon pye fig, fig yo grennen tonbe a tè. 14 Syèl la te retire kò l, menm jan ak yon woulo liv yo woule pou fèmen l. Tout gwo mòn yo ak tout zile yo te deplase kote yo te ye.

15 Lè sa a, tout wa ki sou latè yo, tout dirijan yo, tout kòmandan lame yo, moun rich yo, moun ki gen puisans yo, tout esklav yo, moun lib yo, yo tout te kouri kache tèt yo nan twou wòch epi nan mitan gwo wòch ki nan mòn yo. 16 Yo t ap di mòn yo ak wòch yo: “Tonbe sou nou, kache nou devan fas moun ki chita sou twòn nan ak devan kolè Ti Mouton an! 17 Paske gwo jou kòlè yo a rive. Pa gen pèsòn ki ka kanpe devan yo.”

Footnotes

  1. 6:6 denye Yon denye, se te salè yon jounen travay pou yon sòlda. Sa te gen menm valè ak yon lit.