Add parallel Print Page Options

¶ Apre sa, senkièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen wè yon zetwal soti nan sièl la tonbe sou latè. Yo ba l' kle pou louvri pi ki mennen desann nan gwo twou san fon an.

Zetwal la louvri pi ki mennen nan gwo twou san fon an. Yon gwo lafimen soti ladan l', tankou lafimen yon gwo fou k'ap boule. Lafimen ki t'ap soti nan pi a bouche solèy la. Sièl la vin tou nwa.

Yon bann krikèt vèt soti nan lafimen an, yo mache ale toupatou sou latè. Yo te ba yo menm pouvwa ak eskòpyon.

Yo te di yo pou yo pa t' fè malè sou okenn zèb, ni sou okenn piebwa ni sou okenn lòt plant. Se sou moun sèlman pou yo te fè malè. Epi se pa sou tout moun non, sèlman sou moun ki pa t' pote mak letanp Bondye a sou fwon yo.

Krikèt yo pa t' gen dwa touye moun sa yo. Men, pandan senk mwa yo te gen dwa fè yo soufri. Krikèt yo fè moun yo soufri tankou si se eskòpyon ki te mòde yo.

Pandan senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p'ap jwenn lanmò. Y'a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo.

Krikèt yo te sanble ak chwal ki pare pou al nan batay. Sou tèt yo chak te gen yon bagay ki sanble ak yon kouwòn lò. Figi yo menm te tankou figi moun.

Yo te gen cheve sou tèt yo tankou cheve fi. Dan yo menm te tankou dan lyon.

Sou lestonmak yo, yo te gen yon plak an fè pou pwoteje yo. Lè yo bat zèl yo, yo fè bri tankou yon bann kabwèt chwal ki pral nan batay.

10 Yo gen menm ke ak eskòpyon, ak yon pikan nan pwent ke a. Se avèk ke yo yo te gen pouvwa fè moun mechanste pandan senk mwa.

11 Yo te gen yon wa alatèt yo. Se zanj gwo twou san fon an. Nan lang ebre yo rele l': Abadon. Nan lang grèk yo rele l': Apolyon, ki vle di: moun k'ap krase brize a.

12 Premie malè a te pase. Te gen de (2) lòt malè ankò ki te gen pou vini apre sa.

13 ¶ Lè sa a, sizièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande yon vwa ki t'ap soti nan kat kwen lotèl an lò ki te devan Bondye a.

14 Vwa a pale ak sizièm zanj ki te kenbe klewon an. Li di li konsa: Lage kat zanj ki mare nan chenn bò gwo larivyè Lefrat la.

15 Yo lage kat zanj yo. Yo te pare yo pou sa menm, pou lè sa a, pou jou sa a, nan mwa sa a, nan lanne sa a, pou yo te ka touye yon moun sou chak twa moun ki sou latè.

16 Yo di m' kantite sòlda sou chwal ki te genyen: Te gen desan milyon (200.000.000).

17 Men ki jan mwen te wè chwal yo ak kavalie yo nan vizyon an: Kavalie yo te gen yon kalite chemiz an fè pou pwoteje lestonmak yo. Chemiz yo te wouj kou dife, ble kou digo, jòn kou safran. Tèt chwal yo menm te tankou tèt lyon. Dife ansanm ak lafimen epi souf t'ap soti nan bouch yo.

18 Twa bagay sa yo ki t'ap soti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon moun sou chak twa moun sou latè.

19 Paske se nan bouch yo chwal yo te gen tout pouvwa sa a ansanm ak nan ke yo. Baton ke yo menm te sanble ak sèpan: yo te gen yon tèt pou yo te fè moun mechanste.

20 Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache.

21 Wi, atousa, moun sa yo pa t' chanje jan yo t'ap viv la, yo pa t' sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.

Senkyèm twonpèt la kòmanse premye malè a

Senkyèm anj lan sonnen twonpèt li a, m wè yon zetwal sot nan syèl la tonbe sou latè. Yo ba l kle twou san fon an. Li louvri pòt twou san fon an, yon gwo lafimen soti ladan l, menm jan ak lafimen yon gwo boukan dife. Lè sa a, solèy la ak lè a, tout vin fè nwa ak lafimen ki soti nan twou san fon an.

Yon bann gwo krikèt vèt te soti nan lafimen an gaye toupatou. Yo te resevwa yon pouvwa menm jan ak eskòpyon yo. Yo te resevwa lòd pou yo pa t fè okenn zèb sou latè mal, ni okenn plant, ni okenn pyebwa, sof moun ki pa t gen mak sa Bondye a sou fon yo. Yo pa t gen pouvwa pou touye yo, men sèlman pou toumante yo pandan senk mwa: Toumant sa yo te bay la, se menm jan ak lè yon eskòpyon pike yon moun. Nan jou sa yo, moun ap chache lanmò, men yo p ap jwenn li. Yo t ap byen vle mouri, men lanmò ap kouri lwen yo.

Krikèt vèt sa yo sanble ak cheval ki prepare pou fè lagè. Yo te gen yon seri kouwòn sou tèt yo ki sanble ak kouwòn an n ò, figi yo menm jan ak figi moun. Cheve yo te menm jan ak cheve yon fi. Dan yo te menm jan ak dan lyon. Lestomak yo sanble yon bagay ki kouvri ak yon plak an fè. Bri zèl yo se tankou bri yon bann chwal k ap mennen cha pou fè lagè. 10 Krikèt vèt sa yo gen ke yo ak yon pwent ladan yo pou pike, menm jan ak ke eskòpyon. Se ak ke yo, yo fè moun soufri pandan senk mwa. 11 Chèf k ap gouvène krikèt vèt yo, se anj twou san fon an. Nan lang Ebre a, yo rele l Abadon.[a] Nan lang Grèk, yo rele l Apolyon.[b]

12 Premye malè a pase. Apre sa, gen de lòt malè k ap vini.

Sizyèm twonpèt la sonnen

13 Sizyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la. M tande yon vwa ki soti nan kat kwen lotèl an n ò ki devan Bondye a. 14 Li di sizyèm anj ki te gen twonpèt la: “Lage kat anj ki nan chenn bò gwo flèv la, bò flèv Lefrat la.” 15 Yo lage kat anj yo. Yo te tou pare pou lè a, pou jou a, pou mwa a ak pou lane a, pou yo touye yon tyè nan tout moun k ap viv sou latè. 16 Kantite sòlda kavalye ki te nan lame a, se te de san milyon (200,000,000). M te tande konbyen yo te ye.

17 Konsa, nan vizyon an, m te wè chwal yo ak kavalye yo: Kavalye yo te gen yon plak an fè tou wouj sou lestonmak yo, yon ble fonse kou digo epi yon jòn sanble ak souf. Tèt chwal yo te sanble ak tèt lyon. Dife, lafimen ansanm ak souf t ap soti nan bouch yo. 18 Twa bagay sa yo, dife, lafimen ak souf, ki t ap soti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon tyè nan tout moun sou latè. 19 Pouvwa cheval yo, se te nan bouch yo ak nan ke yo li te ye. Ke yo sanble ak koulèv, yo gen plizyè tèt epi se ak tèt sa yo, yo toumante moun.

20 Lòt moun ki pa t mouri yo pa janm repanti pou ta chanje fason y ap viv nan aksyon yo. Yo pa t sispann adore demon yo, zidòl ki fèt an n ò, ak lajan, ak bwonz, ak wòch epi ak bwa yo, bagay ki pa ka ni wè ni tande ni mache. 21 Yo pa repanti pou yo sispann touye moun ni pou yo sispann fè maji, ni pou yo sispann fè peche nan fè sèks, ni pou yo sispann vòlè.

Footnotes

  1. 9:11 Abadon Nan lang Ebre mo sa a vle di “Lanmò” oubyen “Destriksyon”. Yo sèvi ak mo sa a kòm yon non pou kay lanmò. Gade nan Jòb 26:6 ak Sòm 88:11.
  2. 9:11 Apolyon Yon mo ki vle di “Destriktè”.