Add parallel Print Page Options

Jezi mouri

(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Lik 23:44-49)

28 Apre sa, poutèt Jezi konnen tout bagay te fin akonpli, pou Bib la te ka akonpli nèt, li di: “Mwen swaf.”[a] 29 Te gen yon krich plen vinèg la, yo tranpe yon eponj ladan, yo mare l nan yon branch bwa yo rele izòp, yo leve l pote mete nan bouch li. 30 Kou Jezi pran vinèg la, li di: “Misyon akonpli.” Epi, li bese tèt li, li rann dènye souf li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 19:28 Mwen swaf Gade nan Sòm 22:15; 69:21.