Add parallel Print Page Options

Jezi mouri

(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Jan 19:28-30)

44 Li te bò midi konsa rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a, 45 paske solèy la te sispann klere. Vwal tanp lan menm chire fè de moso. 46 Jezi kriye byen fò, li di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.”[a] Fini l fin di sa a, li rann dènye souf li.

47 Lè kaptenn lame a wè sa k te rive a, li bay Bondye louwanj epi li di: “Se sèten, nonm sa a te inosan vre!”

48 Tout foul la te rasanble pou vin wè espektak sa a. Lè yo wè sa k te rive a, sa fè yo mal epi yo retounen lakay yo. 49 Tout zanmi Jezi yo ansanm ak medam ki t ap swiv li depi nan Galile yo te kanpe a yon ti distans ap swiv. Yo te wè tout sa k te rive.

Read full chapter

Footnotes

  1. 23:46 Sitasyon sa a soti nan Sòm 31:5.