Add parallel Print Page Options

Jezi mouri

(Mak 15:33-41; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)

45 Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 46 Vè twazè, Jezi pouse yon gwo kri: “Eli, Eli, lema sabaktani![a] Sa vle di: “Bondye m, Bondye m, pou kisa ou abandone m?”

47 Kèk nan moun ki te kanpe la te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Men l ap rele Eli.”[b]

48 Youn pami yo kouri pran yon eponj, li tranpe l nan yon diven ki gen gou vinèg, epi l mete sou tèt yon gòl pou Jezi te ka bwè l. 49 Men tout lòt moun yo t ap di: “Padon kò w la! Kite l pou nou wè si Eli ap vin delivre l.”

50 Jezi fè yon lòt gwo kri ankò, epi li rann dènye souf li.

51 Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Latè tranble. Karyann yo fann. 52 Tonm yo ouvri. Yon bon valè moun nan pèp Bondye a ki te gen tan mouri te resisite. 53 Apre Jezi fin resisite, yo te kite tonm yo, epi yo antre vil Jerizalèm. Anpil moun te wè yo.

54 Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”

55 Te gen plizyè medam ki te kanpe a distans ap gade sa k ap pase. Medam sa yo se moun ki t ap swiv Jezi espesyalman pou yo te ka pran swen l, depi lè l te nan Galile. 56 Pami yo nou jwenn Mari, moun Magdala a, Mari manman Jak ak Jozèf, epi manman Jak ak Jan pitit Zebede[c] yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 27:46 Sitasyon sa a soti nan Sòm 22:1.
  2. 27:47 Men l ap rele Eli Mo pou di “Bondye mwen” (Eli nan lang Ebre, oubyen Eloi nan lang Arameyen) te sonnen nan zòrèy moun tankou se te non pwofèt Eli, se te yonn nan pwofèt ki te konn pale nan non Bondye avèk anpil puisans nan lane 850 konsa, anvan Jezikris.
  3. 27:56 Jak ak Jan pitit Zebede Literalman, “pitit gason Zebede yo”.